Antèman : Frantz Eldé pwomèt san 3 polisye gang asasine yo, pap pase anven

842

01-31-2023

Petyonvil, Ayiti_____(TRiboLAND) Direktè jeneral PNH la, Frantz Elbé ansanm ak manm wo komandman enstitisyon an te rasanble jodi madi 31 janvye 2023 a pou di polisye ke gang sangwen te asasinen yo, “ce n’est qu’un au revoir”.

Dènye omaj polisye asasine yo te fèt anprezans diferan zanmi fanmiy e otorite. Yon bon valè moun pat kache emosyon yo fas ak yon sitiyasyon ke yo trouve ki se yon dràm san parèy. Rèl, kout san, santiman kagou, enèvman, se yon veritab endinyasyon nan mitan yon foul moun ki te mase nan perimètprèt pou lokal fòmasyon an.

Direktè a nan entèvansyon li, reyitere yon lòt fwa ankò volonte ak detèminasyon enstitisyon an pou bay gang yo yon repons baton gayak osi rapid ke posib. “Mwen promèt nou genyen yon seri inisyativ ki deja pran pou pa kite san polisye : Octina Gérald, Cejuste Dukens ak Luc Eliezer ke bandi sangwen britalman asasine 20 janvye 2023 dènye a, nan Metivye, Petyonvil”, pase an ven, daprè Elbé ki tap entèvni nan moman fineray ajan fòs lòd yo tap chante nan Lekòl Nasyonal Polis la ki sou Wout Frè.

Nap sinyale, aktivite ou krim gang yo vin pi dramatik; yo fè plis dega e pase anba pye deklarasyon otorite ki responsab sekirite anndan peyi a.

Comments are closed.