Apwè 22 jou swen medikal nan Kiba : Jean Bertrand Aristide retounen Ayiti

613

07/17/2021

Pòtopwens______(TriboLAND) 3 semènn depi ke li te kite peyi Dayiti abò yon avyon anbilans pou ale pwan swenyàj nan peyi Kiba akoz enfeksyon kowonaviris, ansyen pwezidan Jean Bertrand Aristide retounen nan peyi Dayiti.

Se plizyè santèn patizan melanje ak zanmi ki te al mase nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture pou di lidè Lavalas la “Bonvini” nan yon anbyans fèt. Otorite yo te pran gwo dispozitif sekirite pou te asure pwoteksyon lidè Lavalas ki te transpòte nan yon anbulans akonpanye madanm li, Mildred Aristide ak Kowòdonatris pati Fanmi Lavalas la, Doktè Maryse Narcisse.

Ansyen Pè Sen Jan Bosko a, te kite peyi Dayiti 24 jwen dènye pou konplikasyon kowonaviris. Li pase 22 jou nan tretman medikal nan peyi kominis vwazen an.

Comments are closed.