Grenadye yo ap pran lanm nan Gold Cup 2021 an : 2 lòt jwè teste positif pou kovid-19

733

07/14/2021

Florid________(TRiboLAND) Nouvo tès kovid-19 ki administre sou plizyè manm delegasyon ayisyèn foutbòl la, revele pozitif pou 2 lòt jwè nan moman seleksyon foutbòl ayisyèn nan ap pwepare pou afwonte Kanada jedi pwochen nan kàd konpetisyon FootballGold Cup la.

Dapwè responsab Fédération Haitienne de Football (FHF), 2 dènye enfekte yo se atakan Duckens Moise Nazon ak Roberto Baggio Louima. Konsa, an total delegasyon genyen apepwè 7 jwè ki teste pozitif pou kovid-19; e non yo se: Isaac Raud, Louis Deedson Louicius, Josué Duverger, Duckens Nazon, Roberto Baggio, Frantzdy Pierrot e Jems Geffrard.

Devan yon parèy sitiyasyon, 2 lòt jwè kouri antre pou pote ranfò nan match ki pwàl opoze peyi Dayiti ak Kanada demen jedi 15 jwiyè 2021 an.

Nap sinyàle, kèk nan jwè ki te pwan nan viris pon gongon an avan pwemye match Grenadye yo fàs a Etazini, deja rekipere yo e yo teste negatif.

Comments are closed.