Trafik zam : “ansyen direktè administratè ladwann lan, Romel Bell dwe bay eksplikasyon”, daprè ansyen senatè nòdès la Ronald Larêche

130

07-16-2022

Dènye sezi otorite ladwàn yo nan Caribbean Port Service (CPS) nan Pòtoprens se sèlman pwent “iceberg” la, daprè ansyen Prezidan Sena a, Ronald Larêche. Senatè a kesyone ansyen administrasyon Romel Bell la, ki enplike nan neglijans yo obsève nan kontwòl kontenè yo.

Yon ankèt reyèl pou fikse responsablite yo nan trafik zam ak minisyon nan pò Ayiti yo, dwe retounen sou ansyen administrasyon ke Romel Bell tap dirije a. Ansyen palmantè Nòdès la, ki te pale vandredi 15 jiyè 2022 a sou Radyo Kiskeya, rete konvenki ke ekip Administrasyon Jeneral Ladwàn (AGD) responsab devan nasyon an nan devlopman sitiyasyon ki karakterize pa seri sezi pakè sispèk yo. Analiz li pran an konsiderasyon gwo kriz kaskad ki anrejistre nan pò kapital la ak nan pwovens yo.

Pou ansyen polisye a, nouvo leadership direktè jeneral AGD la pibliye, Julcène Édouard mande pou yo revizite manifest pase yo, yon fason pou idantifye koupab yo nan kontwòle machandiz nan pò yo. San pase antravè, lidè politik la lonje dwèt jouda sou ansyen chèf AGD a, Romel Bell, ki enplike nan kad operasyon yo nan kontwòl kontenè yo ki soti nan peyi Etazini. Pou li deteryorasyon sitiyasyon an jounen jodia gen anpil pou wè avèk administrasyon Bell la, ki pat vijilan nan pwosesis fouye je gade yo nan verifikasyon kontnè yo.

Ofisye lapolis, ajan ladwàn, ofisyèl nan strikti pwovens yo tou gen responsablite yo nan deteryorasyon sitiyasyon an. An menm tan an, dwa franchiz yo akòde a sèten enstitisyon charitab dwe rekonsidere, konkli Ronald Larêche.

Nap raple, Romel Bell ki te ansyen Direktè jeneral administrasyon Ladwann te arive abandone pozisyon sa aprè gouvènman ameriken te lonje dwèt sou li kòm moun ki nan gro trafik zam.

Jn Simon Manex

Comments are closed.