Depatman Latibonit : Bandi juvenil kidnape 16 pasajè abò yon otobus Sans-Souci nan Gwo Mòn

466

07/14/2021

Gwo Mòn______(TRiboLAND) Yon gwoup 7 bandi sangwen pajorite timoun ki nan 10 lane sèlman e ki pa idantifyàb detounen nan zòn Gwo Mòn, depatman Latibonit yon bus ki tap soti Sen Lwi Dinò ou Pòdpè pou antre Pòtopwens, devanjou maten mèkredi 14 jwiyè 2021 an.

Gwoup malfwà a ki te konpletman sivil ame e espesyalize nan detounman kamyon machandiz ak kidnapping, arive pran an notaj 16 pasajè sou 40 ki te abò bus Sans-Souci, yon konpayi transpò ki abitye fè trajè Pòdpè – Pòtopwens, dapwè deklarasyon direktè Alatèt konpayi a, Jeanty Thécieux ki pat manke lanse S.O.S.

Dapwè sa ki arive nan sal redaksyon TRiboLAND, bandi yo mande kòm ranson yon milyon dola pou lage moun. Pami otaj yo, oujwen Pè Carl Henry Louissaint, ki se kire pawàs Boden, yon lokalite ki a kèlke kilomèt zòn nò vil Pòdpè. Otorite depatman Nòdwès ak Latibonit pa sispann fè manèv pou wè kòman yo kapab libere pasajè sa yo ki nan yon move enpas.

Comments are closed.