Corvington Reynold tonbe anba entèdiksyon depa akoz li ta enplike nan asasinay Jovenel Moise

472

07/14/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Corvington Reynaldo, se non yon lòt pwezime sispèk ke otorite ayisyèn yo soupsone ki te patisipe nan asasinay pwezidan defakto Jovenel Moise, 7 jwiyè dènye nan rezidans lan nan Pèleren 5.

Nan sans sa, komisè gouvènman enterim nan, Mèt Bed-ford Claude egzije direktè imigrasyon ak emigrasyon, Joseph Cianciulli pou fèmen barye yon fason pou pa kite Mesye Corvington travèse lizyè an lè, atè ak nan dlo sale.

Nap raple yon parèy dispozitif entèdiksyon depa sa, te arive pran tou swit apwè ke ajan PNH yo ta sanble mennen yon operasyon pèkizisyon nan rezidans Corvington nan Laboule madi swa,, 13 jwiyè 2021 an.

Comments are closed.