Asasinay Pwezidan Jovenel Moise: Dimitri Hérard, ansyen responsab USGPN plase nan kanpe lwen pa pwoche

574

07/14/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Enspeksyon jeneral polis nasyonal la, deside jodi mèkredi 14 jwiyè 2021 an plase nan kanpe lwen pa pwoche Dimitri Hérard, ansyen responsab sekirite jeneral palè nasyonal la.

Enspeksyon polis la pran yon parèy dispozitif se swit a odisyon komisè polis la, Dimitri Hérard ki ta sanble voye jete yon envitasyon pakè Pòtopwens jodi mèkredi 14 jwiyè, te chwazi fòmule yon lèt deskiz bay Mèt Bedford Claude, chèf pakè a. Konsa, Hérard tap tante esplike enkonvenyan pou li te konparèt akoz estate mezu obsèvatwà ki te pandye sou li.

Pandan tan sa, otorite kolonbyèn yo ki egalman konsène, pa sispan ap fè bwàs pou arive detekte yon seri vwayàj ke komisè Dimitri Hérard te efektye nan peyi Kolonbi, Ekwatè ak Repiblik Dominikèn.

Comments are closed.