Martine Moise, atravè yon tweet remèsiman, deklare ke doulè lanmò Jovenel la pap janm pase

622

07/14/2021

Nan yon tweet ke li fè soti, ansyen pwemye Dàm Martine Moise remèsye tout yon latriye sitwàyen ayisyen ak etranje ki ap ede’l rejwenn lavi nan pwiyè.

Pwemyè Dàm nan ki kontinye ap pran swenyàj nan yon lopital nan Florid depi zàk asasinay 7 jwiyè ki te fèt sou pwezidan defakto Jovenel Moise, rete kwè ke “tout otan ke ou lopital, lavi w nan men Bondye ak doktè”.

Avèk yon vizaj sonb e tris, kadre sou yon kabann lopital ak yon ponyèt bandaje, foto Pwemyè Dàm nan pasispan fè laviwonndede rezo sosyàl yo nan ranmase “views” atravè rès monn lan.

“Mwen menm Martine Moise, mwen poko kwè mari mwen ale konsa devan je’m san li pa di mwen yon dènye mo, doulè sa pap janm pase”, ta sanble se deklarasyon Martine Moise sou kont twitter li.

Martine, pa sispann resevwa yon chato kondoleyans nan tout bout kwen atravè monn lan, patikilyèman bò kote sa yo ki nan depatman Nòdwès Dayiti, kote li soti. Pami kondoleyans yo, nou jwenn youn bò kote yon ansyen senatè repiblik Dayiti, Doktè Ebrane Cadet, kap viv nan peyi Etazini.

“Martine je te souhaite du courage. Tu es appelée à accepter difficilement cette réalité. Mon épouse et moi prions pour les enfants et toi. Je suis Réverend Docteur Ebrane Cadet, Ex-Sénateur de la République, 45ème législature”.

Comments are closed.