Tigwav : Kantite moun ki mase devan lokal DGI a pou tire yon tenb paspò prèske enkalkilab

889

01-13-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Kantite moun ki mase devan lokal DGI Tigwav la, pou yon tenb paspò, preske enkalkilab pou jounen jodi vandredi 13 janvye 2023 a.

Reyalite sa a, komanse depi aprè prezidan Joe Biden fin pran desizyon pou pèmèt ayisyen kap viv ozetazini aplike pou pwòch yo ki an Ayiti rantre sou tèritwa ameriken an.

Plizyè nan yo ki tap repon ‘n kesyon TRiboLAND, fè konnen prèske pap genyen moun kap viv an Ayiti ki pa tap renmen kouri pati kite l jounen jodi a.

Demandè yo ki di yap fè tout sa yo konnen, pou yo jwen tenb paspò yo si tout fwa chans la ta vini pou yo, yon fason pou yo kapab kouri kite peyi a akòz problèm tout kalite kap fini ak sosyete ayisyènn nan tankou: ensekirite, kidnapping, blackout, vòl, vyòl kolektif, problèm politik, chomaj, grangou menm se pa pale.

Toutfwa, sitwayèn ak sitwayen yo mande fanmiy, zanmi pwòch yo kap viv nan Etazini pou ouvè 2 bra yo nan mezi yo kapab pou pase men pran fanmiy yo kap benyen nan mizè an Ayiti; pandan yo kwè menm si 100 ayisyen ta kalifye nan pwogram nan se tap yon bon kichòy.

JOICY Arnold

Comments are closed.