Fwans: Yon kandida kontwovèse nan pwochèn eleksyon pwezidansyèl 2022 a, deklare ke ayisyen pa yon pèp

544

07/11/2021

Pòtopwens_______(TRiboLAND) Nan entèvansyon li sou kriz kap bwase bil peyi Dayiti a sou plato “L’heure des Pros” an Fwans, kandida pou eleksyon pwezidansyèl 2022 yo nan peyi Lafwans, Eric Zemmour ki se yon karaktè polemic pou lèl “dwàt” la e ki trè kontwovèse nan fè pwomosyon gè sivilizasyonèl, pat ezite kite bouch li pale avan sèvo li lòske li deklare ke nosyon “pèp ayisyen”, se pa ditou yon bagay pou moun ta oblije ap pale.

Eric Zemmour ki fèt nan peyi Aljeri e imigre ak paran li nan peyi LaFwans, ta estime ke li fwansè plis ke sitwayen natif natal Lafwans yo. Figi islamofòb sa, ki pote tèt li kandida nan pwochen eleksyon pwezidansyèl yo, pa sispann eksplwàte yon seri espas medyatik nan fè tantativ pou divize sosyete fwansèz la ak difuzyon panse ènn, diskriminasyon kont fanm ak imigran ki fèt nan non “La théorie du grand remplacement”, yon konsèp erone ke ekriven Renaud Camus fòje e ki chita sou 2 ang : kantitativ nan kàd migrasyon masiv ak fekondite diferansyèl e kalitativ ki gen pou wè ak chanjman kiltirèl nan sosyete fwansèz la.

vyolans

Lajistis peyi Lafwans deja kondane Eric Zemmour pou pwovokasyon piblik, yènn relijyez, pwopo rasis anti-imigrasyon afiche pandan diskou li nan “Convention de la droite” ki te sible yon seri gwoup etnik trè patikilye. S.O.S Racisme pa sispann pran yon seri dispozitif ki vize takle difuzyon yènn ak vyolans Mesye Zemmour yo atravè yon seri media ki anplwàye l.

San ke nou pa menm bezwen pale de dega obsesyon tewori erone “grand remplacement”, ki soutni popilasyon imigran muzilmann an, nan plas popilasyon blanch lan. Konsa, yon parèy konsèpsyon pa chita sou anyen, si non ke pwopagann pou supwemasi blanch ki te okazyone lanmò plis pase 50 moun nan 2 moske nan Nouvèl Zeland.

Pozisyon Eric Zemmour sou peyi Dayiti pa etone pèsònn. Difuze yon parèy aberasyon sou “L’heure des Pros”, se mande jis ki kote manipilasyon libète ekspwesyon Eric Zemmour yo ap rive nan yon peyi sivilize tankou Lafwans!

TRiboLAND vle raple polemis Zemmour, nan yon fòm senplistik ke peyi Dayiti, peyi esklav nwà yo ke diyite, kouraj yo ak san yo toujou rete yon eleman predominan nan sa ki gen pou wè avèk richès peyi Lafwans e ki fè Mesye Zemmour sa li ye jounen jodi a. Se yon aberasyon pou Ayisyen pa konstitye yon pèp nan je yon kandida pwezidansyèl ki soufwi nostalji kolonizasyon e sendwòm islamofobi demezure.

Ayiti, menm jan ak tout lòt peyi, genyen yon ansanb moun ki fòme (kominote) li e ki agreye a yon kilti, pataje yon tèritwà ak menm langaj, istwà ak etnisite. Zemmour, Ayiti se yon nasyon ki dote de yon afilyasyon avèk yon konstitisyon sosyàl e politik. Pou repete apwè Yassine Belattar ki te ansanm avè w sou “L’heure des Pros”, 19 màs 2019, “ou genyen anpil talan nan demagoji”! Ke BonDye beni w kandida Zemmour!

Comments are closed.