Yon odyo ki ta sanble ak vwà Martine Moise konfime ki yès ki touye mari l, Jovenel Moise

668

07/10/2021

Florid______(TRiboLAND) Martine Moise, ansyèn pwemye dàm repiblik la, ki ap pran “grese sere medikal” apwè zak asasinay ki fèt 7 jiyè pase sou pwezidan defakto Jovenel Moise la, soti nan silans li.

Nan yon bat bouch odyo lage deyò, nan moman li toujou ap rekipere li sou kabann lopital nan eta Florid, Martine Moise konfime ke se mèsenè yo ki touye mari li, Jovenel Moise ke li te deja genyen 25 lane maryàj avè l. “Mwen anvi, mwen pèdi mari mwen”, dapwè ansyen pwemyè dàm defakto a ki tap depoze nan yon odyo ki pa sispan fè laviwonn dede rezo sosyàl yo.

Martine deklare ke se mèsenè yo antre lakay li e yon krible mari l, Jovenel Moise anba bal; e yon pat menm ba li chans pou li di yon mo. Yo touye pwezidan an pou pwojè fa ke li te genyen pou peyi a tankou: dlo potab, wout, referandòm ak eleksyon. Mèsenè yo asasine pwezidan an, e genyen lòt mèsenè ki soti pou touye rèv li ak vizyon l pou peyi a, dapwè martine Moise ki kwè yon parèy kou soti bò kote advèsè a.

Nan fen odyo a, Martine Moise pwomèt pou li fè yon lòt bat bouch ankò anvan lontan; fwa sa lap fèt li “live” sou facebook.

Comments are closed.