Bonnanj jounalis Carl Dieudonné ta sanble ale nèt : li pran lari e ap mache pye atè nan Petion-ville

500

B07/06/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Kondisyon sikolojik ak fizik jounalis ou kòmantatè politik nan “Emisyon Laye” sou Radio Zenith, Carl Dieudonné ap deteryore Depi kèk tan moun ka remake ke sante kòmantatè politik la pa gaya; li montre siy toumant nan bonnanj li.

Jodia, jounalis la pran lari pye atè ak yon manchèt ap mache nan plizyè riyèl nan Petion-ville. Li manifeste yon seri konpòtman ki tèt koupe ak moun tèt cho; manchèt nan men li ak yon aparans deploràb. Lapolis byen bonè maten madi 6 jwiyè 2021 an, te oblije pwosede ak arestasyon Carl pou evite malè.

Nap raple, Dieudonné pa sispan mache atravè media yo nan kapital la pou akize Patwon Radyo Zenith lan, Rony Colin ak ansyen senatè Simon Dieuseul Desras kòm 2 malfektè bòkò ki ta voye makakriyèz zonbi sou li.

Comments are closed.