Karikòm mande fòk genyen yon repons ki pou bay nan kriz Ayiti a

485

07/06/2021

(TRiboLAND) Nan 42èm reyinyon òdinè dirijan Karikòm yo, pwezidan asosyasyon an ki se Gaston Browne pat kache enkyetid ak pwewokipasyon li sou sa otorite ayisyèn yo rapòte li kap pase sou sitiyasyon aktyèl peyi Dayiti ki se yon eta manm Karikòm.

“Mwen konsyan ke nou fè yon latriye demach ak pwopozisyon ki te kapab deplwòtonnen kriz politik la ki ta sanble pa solusyonab e lage peyi a nan plis agoni. Sa pa genyen lontan, dènye vag vyolans yo okazyone anpil malere mouri e egzije plizyè milye kite lakay yo akoz ensekirite”, dapwè Browne.

Fas ak yon sitiyasyon ki parèt ensupòtab nan youn nan eta manm Karikòm yo, nou dwe fè tout sa ke nou kapab pou jwen yon solusyon ki kapab pèmèt yon nivo nòmal retounen nan sosyete ayisyèn nan. Karikòm deja fè plizyè tantativ pou resoud kriz politik yo nan peyi Dayiti; sepandan, pou koulya, nou dwe fè plis toujou, selon Browne ki tap depoze.

Comments are closed.