Ychmuth Corneille eli pou yon lòt 2 zan akò nan tèt AJNO

271

10\12\20

Pòdpè____(TRiboLAND) Nan yon konvokasyon ekstraòdinè yon latriye jounalis ki fè pati Asosyasyon Jounalis nan Nòdwès (AJNO) te reyini yè dimanch 11 oktòb 2020 an pou eli yon nouvo komite ekzekitif nan tèt asosyasyon medyatik la.

Nan yon sal kite boure ak plis pase 2 douzèn jounalis tout koulè ki se bon jan manm plimay AJNO, konsèy elektoral strikti a te fè tout sa ki te nan pouvwa li pou te rann eleksyon yo transparan, dapwè yon manm konsèy la; sepandan, Ychmuth Corneille ki se Sekretè jeneral sòtan an te pòte’l pou yon lòt fwa ankò kòm kandida majòjon; inik kandida ki te anfas pwòp tèt li.

Nan yon klima transparans, Msye Corneille ki se Dirèktè Jeneral Radyo Marconi nan Pòdpè, arive jwen benediksyon plis pase 17 vòt sou 23, swa 12 votan ak 5 vot lib. Fèb mwayen pat pèmèt kèk manm aktif ki nan komin rekile yo deplase pou yon parèy aktivite; konsa, pou rezon sa, konsèy elektoral la te oblije kontabilize sèlman manm ki te prezan yo.

Nouvo, Sekretè egzekitif la ki gen yon manda pou 2 zan devan li, deja anonse divès plan travay ak inisyativ ki kapab fasilite jounalis nan Nòdwès yo jwen bonjan zouti grese sere ak konpetans nesesè ki makònnen ak respè e profesyonalism metye a.  Selon, Mesye Corneille, “youn nan pi gro priyorite mwen, se bani kesyon etikèt jounalis mil goud la,” nan depatman Nòdwès la.

Comments are closed.