VOTE NON POU REFERANDÒM KRIMINÈL LA!

63
0
Share:
TRiboLAND

Kafe Sivik jedi 19 novanb 2026

« Vote NON pou
REFERANDÒM » KRIMINÈL Gouvènman, KEP la ak Pati Politik ki deside
VYOLE KONSTITISYON WAN.

Chè konpatriyòt,

Bonjou!

Map atire atansyon chak manb gouvènans lokal, chak otorite Kolektivite Tèritoryal, chak manb yon pati politik, chak manb ki soti nan sosyete sivil, chak sitwayèn, chak sitwayen, chak moun ki renmen Kolektivite Tèritoryal yo, chak moun ki gen dwa vote :

1) OKEN’ PATI POLITIK;

2) OKEN’ Kandida pou PREZIDAN;

3) OKEN’ Kandida pou Senatè;

4) OKEN’ Kandida pou DEPITE;

5) OKEN’ kandida pou MAJISTRA;

6) OKEN’ kandida pou KAZÈK;

7) OKEN’ PREZIDAN PATI POLITIK

PA JAN’M DI ANYEN
SOU REFERANDÒM KRIMINÈL LA.

« SE NON POU NOU VOTE »

Pou ki sa?

Si nou vote « WI », PAP GEN « TWA MAJISTRA ANKÒ » pou dirije komin’ la.

SE SÈL CHÈF KATÈL LA KAP MAJISTRA POU DIRIJE TOUT’ KOMIN LA.

Ki sa yap fè ak lòt DE (2) MANB YO ki FIN’ DEPANSE LAJAN YO ak TAN YO NAN FÈ KANPAY?

Epi tou, YO PA GEN DWA REVOKE, KRAZE, RETIRE DELEGEVIL YO KI LA POU REPREZANTE VIL YO NAN ASANBLE KOMINAL/ MINISIPAL.

Si jodiya, nou di « WI » pou yo REVOKE, KRAZE, RETIRE, ELIMINE DELEGEVIL YO KI SE
« ASÈK/AZÈK LAVIL », aprè sa nouvo Gouvènman ak nouvo Palman ap vini KRAZE TOUT ASÈK/AZÈK.

KONSTITISYON WAN PA BAY DWA POU CHANJE LI SI PA GEN CHAN’M DEPITE AK CHAN’M SENATÈ.

Patriyotik salitasyon

Hérard LOUIS
Jenèv, jedi 19 novanb 2026

Share:

Leave a reply