Etazini : òganizasyon skout yo pare pou dedomaje 84,000 viktim abi seksyèl avèk yon montan 850 milyon dola vèt

486

07/02/2021

Wachennton________(TRiboLAND) Òganizasyon “Boys Scout of America” pwàl genyen pou dedomaje plizyè dizèn milye viktim agresyon seksyèl. Antouka, se apepwè 850 milyon dola vèt ke koupab BSA yo pwàl genyen pou endemnize sa yo ke yo komèt abi seksyèl sou yo. Se yon veritab magogo lajan istorik ki pa janm reklame pou agresyon seksyèl ou jwèt sisinay.

Eskandal agresyon seksyèl BSA yo te pran lari nan lane 2012, apwè ke yon piblikasyon yon dokimantè te fè eta de yon seri abi ki tap pèpetre depi plizyè deseni nan òganizasyon an.

Plis pase 84,000 moun te pran wout jistis pou yo te denonse e depoze plent kont zak seksyèl nan mitan òganizasyon “Boys Scouts of America a. Konsa, 850 milyon se magogo sa ki egzije pou reparasyon viktim yo. Kidonk, tout viktim yo dwe pwononse ou mete yo dakò avèk yon vot sou akò endamnizasyon an ke yon jij pwàl valide nan mwa pwochen yo.

Se responsab BSA yo menm ki te depoze bilan an nan mwa fevwiye 2020 yon fason pou te anpeche plis dedomajman fè sufas devan lajistis.

Comments are closed.