Pòdpè / Dràm : 2 bayakou mouri pandan yap netwaye yon latrin

1,467

08-28-2022

Pòdpè, Ayiti ____ (TRiboLAND) 2 bayakou mouri nan site Maxo nan vil Pòdpè nan lannwit samdi 27 pou leve dimanch 28 dawou 2022 a.

Clavel ak Nènès ensikoni se 2 non mesye yo ki arive mouri nan boske lavi nan jan yo kapab. Daprè moun ki te sou plas, yo jwenn youn nan travayè yo tèt anba nan twalèt la. Alòske lòt la ta mouri sou kote twalèt la ki ta sijere ke li tap fè manèv pou sove sa ki te plonje a. Sepandan, sikonstans ki antoure lamò 2 malere teknisyen sa yo, pa klè ditou ditou.

Yon lòt dràm, yon lòt kalamite e yon lòt imilyasyon sou yon tèritwà san dirijan, san enfrastrikti, kote kadav pa sispan konte! Chèche lavi, detwi lavi!

Jij Lionel Obaint te prezan pou fè konsta legal yo, aprè li bay otorizasyon pou leve kò yo.

Comments are closed.