La Réserve , 3e seksyon Jan Rabel ap moute yon ma swife pa do pou yon kàt idantifikasyon

279

12\02\20

La Rezèv, Jan Rabèl_____(TRiboLAND) Peyizan k ap viv nan LA Réserve, lokalite Veille-Hâte, 3e seksyon kominal Jan Rabel, depatman Nòdwès, kritike responsab Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI) yo kap pase moun anba betiz nan moute desann pou al chèche kat idantifikasyon nasyonal yo.

Selon kowòdonatris kazèk seksyon sa a, Madàm Mirlande Myrtil ki denonse yon krèy politisyen ki deja deklare kandidati yo k ap fè kat pasi pala epi fòse abitan yo peye lajan pou fè kat idantifikasyon nasyonal la.

Kazèk la te pale tou sou kèk lòt gwo pwoblèm seksyon l ap dirije a ap fè fas tankou: pwoblèm edikasyon ak sante. Konsa, li plede anfavè desantralizasyon an daprè sa l di kap pèmèt ti ponyen sèvis ki pa menm egziste a rive jwenn popilasyon an san demagoji.

Fòk nou di reprezantan asanble seksyon kominal yo nan depatman nòdwes la pat sispann lève vwa yo pou mande leta ayisyèn peye yo plizyè mwa salè li dwe yo.

Saint Jean wiskis

Comments are closed.