Jan Jak Desalin ak Jeneral yo ki te goumen pou bay peyi nou an “lendepandans”, te ekri non peyi a yon fason ki se “HAYTI”.

1,683

01/03/2022

Jan Jak Desalin ak Jeneral yo ki te goumen pou bay peyi nou an “lendepandans”, te ekri non peyi a yon fason ki se “HAYTI”.

Nan dat 11 Jiyè 1825, sou menas de yon eskwad 14 bato lagè ak 500 kanon, prezidan haytien Jan Pyè Bwaye (Jean-Pierre Boyer) te reziye li pou l siyen yon trete (kontra) ak Wa peyi La Fwans la Chal 10 (Charles X). E se nan menm lané 1825 sa a ke La Fwans deside chanje fason non peyi a ekri pou l fòsé pwezidan Bwayé (Boyer) aksepte anba menas sou Haïti.

Malgre tou, depi ane 1980 yo, anpil haytien deside ekri non peyi a jan yo vle. Antouka, mwen menm pou respè ke m genyen pou zansèt lagè lendepandans yo, map kontinyé ekri li Hayti / HAYTI, jiskaské yon jou, la tounen ekri jan l te ye a nan “Ak Lendepandans” peyi a ki te ekri nan vil Fò Libèté (Fort Liberté), nan diskou orijinal papa fondatè nasyon an 1e Janvyé 1804 nan Gonayiv. Nan Konstitisyon Enperyal orijinal 1805 / Petyon 1806 / Anri Kristof 1807 / Wa Anri Kristof 1811 ak 1816 amande 1805 la, mete ak tout lòt gro dokiman ki rakonte sa.

Non peyi a dwe tounen jan l te ye, lè nou te fèk pwan “Lendepandans” ann pa trayi zansèt yo, an fè yon efò pou nou ekri non peyi a “Hayti” chak fwa nap ekri yon bagay de peyi a “Viv Hayti” ki dwe tounen jan l te ye lontan!

Bòn ane 2022 nan lapè, nan konpweyansyon, nan tèt ansanm pou nou sove peyi a.

LEA

Konseye adistans

Comments are closed.