Kowonaviris la ta sanble achte CSPJ lajan kontan: pwàl genyen plis kriye

540

06/18/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Yon gwo bwà pami yon nich kàd ki nan Conseil Supérieur du Pouvoir Judiciaire (CSPJ) ki teste pozitif, nan yon move kondisyon ki trè kritik nan yon lopital nan kapital la, dapwè yon sous ke TRiboLAND kapab fè konfyans.

Enfòmasyon an fè eta de yon latriye responsab nan CSPJ ki ta kontamine ak viris kowona a, alòske anpil nan yo chwazi pran tretman tradisyonèl lakay. Sepandan, genyen yon gwo bwà ki nan tèt enstitisyon sila ki ta sanble nan yon eta deploràb kap pran lanm nan yon lopital anndan kapital la.

Kontrèman ak sa anpil moun ta panse, genyen anpil gwo chabwàk nan gouvènman Jovenel Moise ki chwazi pa pran wout lopital Mibalè pou yo, men ki pwefere swa antre Miami pou pran vaksen an oubyen rete pran tretman lakay. Antouka, lis yon seri kàd anndan peyi a ki ta sanble teste pozitif pou kovid-19 la pa piti.

Malerezman, fen mwa jwen pou rive kòmansman mwa jwiyè se pwàl chay sot sou tèt tonbe sou zepòl! Gen anpil gwo bwà ke moun pwàl chèche, ou pap menm tande yo ankò, patikilyèman sa yo ki asèpte danse kole ak yon gouvènman ki chaje ak moun ki ta sanble kontamine nan kowonaviris!

Comments are closed.