Ayisyen pwal denonse jodi 3 Novanm nan rejim kòwonpi Jovenel Moise la nan Nouyòk

0 480

Nouyòk__(TRiboLAND) Ayisyen kap viv nan Canada, Connecticut, Massachusetts, New Jersey, New York, Pennsylvanie ap pwan baton pèleren yo jodi Dimanch 3 novanm 2019 la pou fè lopinyon entènasyonal la tande vwa yo tou non sèlman pou denonse enkonpetans, men tou pou reklame san kondisyon demisyon Pwesidan Jovenel Moise ki endekse nan kòripsyon e enplike nan divès ka vyolasyon dwa moun selon Amnisti Entènasyonal.

Yon manif sa ki pwevwa fè gwo reset, ap reyini divès latriye kouch moun kap soti nan divès vil ou eta peyi Etazini. Yon manif kap derape ou kandale desann, selon òganizatè yo sou Eastern Parkway nan Brooklyn vè 2:00 pm, pase sou Nostrand Avni pou ale ateri jis New York Avni jiska 7:00 pm. Konsa, diaspora ayisyen an deja mete divès dispozisyon ki pwal kontribye nan reyalizasyon ou siksè manif sa ki gen pou wè avèk yon latriye regwoupman sosyo politik ki pwal denonse movèz gouvènans, kòripsyon, vyolans ak latèrè ke PHTK pa sispann miltipliye nan peyi Dayiti.

Manif lan ki batize sou non “Pwotestasyon Avni Nostrand”, jwen sipò ak patenarya divès gwo group relijyez ayisyen kap reklame eradikasyon ou taboula raza pou yon sistèm kòwonpi nan peyi Dayiti.

Leave A Reply