Detekte pèsonalite ou selon fòm pye ou!

488

Enpòtans fòm pye moun

(TRiboLAND Fòm, zong ak dimansyon pye moun se yon refleksyon sou aspè karaktè moun ki aparamman pa fasil pou moun detekte. Ekzanp, sa yo ki genyen tip ye renmen jwi lavi yo e yo renmen aspè antrepwenè vi a e yo gen siksè nan biznis ak antrepwiz yo.

Yon lòt faktè ki enpòtan egalman nan detekte pèsonalite moun apati pye moun, se fason chak moun pozisyone pye yo sou tè a. Avèk supò reflexologie, ou kapab jwen enfòmasyon ki trè sinifikatif nan kondisyon sante endividyèl moun.

Est-ce vrai pour vous ? Retirez vos chaussettes et observez ! Eske  ou panse sa reyèl? Retire soulye ou e pi gade!

  • Pye òdinè

Se pye ki pi tipik. Si pye ou konsa, ou se yon moun ki genyen tèt li sou zepòl li e byen ekilibwe. Ou trè espontane ak sosyàl : ou toujou swete rankontre nouvo moun sou wout ou e ou toujou trè ouvè ak nouvo eksperyans. Ou toujou renmen vwayaje e eksplore diferan lòt kilti.

  • Pye pwonti ou bwile

Se ki pi etonan nan fòm pye sa se ke dezyèm zòtèy la pi long ke pwemye a. Yon parèy pye konsa, renmen espò anpil. Si pye’w konsa tou, ou trè kreyatif. Ou renmen panse bagay ki nouvo. Antouka, gras ak antouzyasm, ou anfòm pou moun arive fè’w konfyans. Konsa tou ou kapab enpilsif tou.

  • Pye kare

Kalite pye sa montre ke tout zòtèy yo pwèske menm longè. Ou se yon pansè; ou toujou renmen balance “pou ou kont”, avan o upran yon desizyon. Ou trè pwatik nan sa w’ap fè e moun kwè nan ou anpil.

  • Pye rèd

Se yon pye ki relativman long ak yon seri zòtèy ki yon tijan kwaze. Si ou genyen kalite pye sa, ou se yon moun ki egoyis ki wè tèt li sèlman. Ou renmen gade tout bagay pou ou e kache yo an sekrè. Ou kapab tout enpilsif e tanperaman ou kapab chanje tanzantan.

Comments are closed.