End : yon batiman nan vil Mumbai tonbe, 11 moun mouri

527

06/10/2021

Mumbai, End________(TRiboLAND) Omwens 11 moun mouri e pami yo 8 ti inosan nan gwo inondasyon lapli ki okazyone yon batiman tonbe nan yon ghetto nan Mumbai, dapwè sa otorite peyi End yo deklare jodi jedi 10 jwen 2021 an.

Selon konfimasyon otorite Mumbai yo, genyen 7 lòt rezidan ki blese nan aksidan an ki pase byen ta nan sware mèkredi 9 jwen an. Operasyon rechèch pote sekou yo kontinye ap vanse pou plizyè lòt moun ki disparèt.

Responsab yo egzije anpil rezidan pou yo evakye e rete lwen batiman an ki nan yon kontisyon ki trè danjre.

Pami sa yo ki viktim, genyen 6 ki nan yon kondisyon ki estab, e yon fanm 30 lane arive ospitalize pou kondisyon ki trè kritik. Genyen apepwè 3 sispèk ki ta sanble antòtye e operasyon rechèch yo ap fè bwàs pou sove yo, dapwè sa Prabhat Rahangdale, deklare bay yon jounal nan vil Mumbai.

Comments are closed.