Alatèt Association Nationale des Distributeurs de Produits Pétroliers (ANADIP) a, Alain Turnier fè objè de yon ankèt

258

Pòtoprens___(TRiboLAND) Nan yon lèt ki adrese a Direktè asosyasyon nasyonal distribitè prodwi petrolye (ANADIP), Inite pou lute kont kòripsyon (ULCC) envite Alain Turnier pou li soumèt kopi yon seri dokiman tankou: lwa òganigram asosyasyon an, yon lis manm kòkòday ki asosye ak asosyasyon an nan lane 2010-2020 ak tout kowòdone yo, lis yon seri antite ke asosyasyon an genyen rapò nan domènn petrol pandan peryòd 2010-2020 la ak tout lòt dokiman ki apropriye.

Alatèt lut antikòripsyon an nan peyi Dayiti, Mèt Rockfeller Vincent bay direktè ANADIP jiska 30 jwiyè avan minwi pou soumèt ULCC enfòmasyon ke yo egzije yo.

ULCC raple responsab ANADIP la, demann sa fèt sou baz ankèt ke UCREF ak IGF mennen sou yon seri defisi Leta ayisyen anrejistre pandan 10 dènye ane ki estime a 1,7 milya dola ameriken.

Comments are closed.