Ajan lòd yo mete domi nan je yon residivis, Babas ensi koni.

852

12- 05- 2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Operasyon deniche, bandi, kriminèl, asasen, residivis, apwèmidi lendi 4 desanm 2023 a, mete Babas ensi koni, fas afas ak fòs lòd yo, apwè denonsyasyon kèk manm nan kominote jeremyènn lan.

Nan kad operasyon sila, ajan PNH yo arive simen miskad sou Babas e li bwè dlo bouch li. Konsa, bay tèt yo misyon pou travay kòm sa dwa, yon fason pou tout sitwayènn ak sitwayen pezib arive jwen trankilite piblik ak sekirite san kè sote.

Ajan lòd yo, pa sispann mande sipò manm nan popilasyon an, yon fason pou kontinye denonse kriminèl yo bay lapolis. ‎

Comments are closed.