Yon gwo ensandi devore yon batiman apatman nan Little Havana, plis pase 50 moun oblije deloje

385

Miami___(TRiboLAND) Yon ensandi fèt byen bonè maten nan Little Havana ki koze deplasman 54 rezidan jodi vandredi a.

Ensandi sa ki rive nan 1047 SW 7th Street te kòmanse byen bonè nan maten vè 1:30 a.m, paske yon bon valè fanmiy nan moman an tap dòmi.

Ponpye vil Miami konfime osito ke yo te rive sou plas yo te wè anpil moun tap kouri sòti nan batiman an e gwo flanm dife tap degaje nan premye etaj la.

Plis pase 54 moun ki tap viv nan 12 inite batiman an te evakye avèk anpil sekirite. Ponpye yo te rantre nan batiman an pou sove yon chyen ki chape san e sof.

“Mwen tande yon gwo eksplozyon tankou yon moun ki tap frape yon pòt”, dapwè Mario Carvajal, ki konfime ke li te rele 911 (sèvis ijans ak sekouris). “Mwen pran sant lafumen e mwen te kapab wè kèk bagay nan koulwa a e mwen di madanm mwen kite apatman an.”

Dife a fè anpil gwo domaj espesyalman nan kazye elektrik batiman an e Florida Power & Light (konyi limyè ak kouran) te alète yon fason pou debrancher sous alimantasyon yo. Kwa Wouj te repòte sou plas tou yon fason pou asiste plizyè dizènn moun ki te deplase.

Comments are closed.