KEP : referandòm konstitisyonèl 27 jwen 2021 an ranvwaye pou yon lòt dàt

483

06/08/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Genyen difikilte pou referandòm konstitisyonel arive òganize 27 jwen pwochen anndan peyi Dayiti, dapwè anons otorite yo lendi swa. Yo evoke pwoblèm kowonaviris kap vale teren, sepandan anpil lòt difikilte ta sanble anpeche yon parèy aktivite referandòm.

“Li difisil pou reyini tout pèsonèl li e bay yo fòmasyon adekwàt pou òganizasyon referandòm nan kontèks respè pou regleman sanitè yo, se nan sans sa Konsèy Elektoral Pwovizwa a deside konsidere yon lòt kalandriye referandòm konstitisyonèl, apwè rekòmandasyon otorite sante yo anndan peyi a.

Kantite moun kap mouri nan kowona a ap ogmante alòske lopital yo ap pran lanm ra gagann e yo difisil pou asèpte nouvo malad kovid-19, se sa ki esplike dekrè eta dijans 24 me 2021 gouvènman.

Referandòm Jovenel Moise la, totalman konteste atravè peyi a. Anpil enstitisyon ou òganizasyon popilè pa sispan rele chalbarik dèyè yon parèy inisyativ ke yo estime ki kontrè ak espwi “Manman Lwà Peyi” a. Plizyè kritik montre ke mouvman referandòm se dènye bagay ki te kapab enterese popilasyon ayisyèn nan kap fè fas ak 3 kansè : Kidnapping, Kovid-19 ak Kòripsyon (KKK) avèk yon gouvèman defakto tèt kale gang kap teworize pwòp sitwayen li.

Ajoute ak sa, fòs opozisyon yo pa antann chita avèk yon pouvwa ki ilegal depi 7 fevriye 2021 an. Yo plis anfavè anilasyon yon parèy referandòm ke yo kalifye betiz ak pèdi tan. Paralèlman, yon lòt fwanj nan opozisyon an ta plis enterese mande rankontre OEA pou senpleman raple ke manda Jovenel Moise fini depi dig dantan.

Comments are closed.