Misyon OEA : Jovenel Moise trese lèl e pwefere pale sou eleksyon ke referandòm

503

06/08/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Jan sa te pwevwa, misyon Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) antre anndan peyi Dayiti jodi madi 8 jwen 2021 an, nan objektif pou konsilye aktè politik yo ki dozado yon fason pou jete baz yon dyalòg “san mèt dàm” e “konstriktif” ki kapab debouje tout bon vre sou òganizasyon eleksyon yo anndan peyi a.

Delegasyon OEA  te genyen plizyè manm ladan l, e se pwezidan defakto a, Jovenel Moise ki te resevwa yo sou tapi wouj nan Palè Nasyonal kraze a. Paralèlman, chèf deta PHTK a te akonpanye Pwemye Minis a.i. a,  Doktè Claude Pierre, Minis Enteryè ak Kolektivite Tèritoryàl yo, Louis Gonzague Day, Anbasadè ayisyen an nan Wachennton, Edmond Bocchit e Minis Kilti ak Kominikasyon an, Madanm Miryam Jean. Nan yon tweet ke li lage deyò, lidè PHTK a estime ke se te yon rankont ki te trè kòdyàl, e pwen tankou sekirite ak sanitè peyi a ansanm ak volonte pou kreye lizyè pou pou pwochèn eleksyon anndan peyi a te abòde.

“Mwen pale avèk misyon OEA a jodi madi 8 jwen 2021 an. Pawoli yo te plis santre sou sitiyasyon sekirite ak sanitè peyi a. Administrasyon m nan rekonfime angajman li pou dyalòg sensè ki dwe debouche sou òganizasyon eleksyon demokratik”, dapwè sa Jovenel Moise bay manm misyon OEA yo kenbe.

Nap raple, misyon OEA genyen pou pase mwens 48 èd tan anndan peyi Dayiti; yo genyen pou rankontre pandan jounen 8 jwen an plizyè pati ak regroupman nan opozisyon ayisyèn nan. Li enpòtan pou sinyale, anpil nan pati ak gwoupman opozisyon yo te dekline envitasyon ke yo te fè yo pou chita ak OEA. Yo pa kapab achte chat nan sak! Konsa, OEA pa kapab jij ak pati an menm tan!

Konsa, konsta yo montre ke pwezidan defakto a te plis vle pale konsènan eleksyon ke referandòm, ke anpil sèktè deja ap mande rapò sou 40 milyon dola ki ta deja pase nan gagotay ak siwotay referandòm.

Comments are closed.