Gro Panik nan Kremlin: Vladimir Poutine ta sanble fè maladi Parkinson? Sante’l kreye anpil enkyetid

252

11\07\20

Moskou____(TRiboLAND) Gro van panik nan peyi Larusi selon enfòmasyon lokal yo; Vladimir Poutine ta sanble ap fini pa kite pòs prezidansyèl la apati ane kap vini la akoz sante li ki pa gaya e ki soulve anpil kesyon depi kèk jou.

Plizyè sous medya rus vle kwè ke depi kèk jou sante prezidan an ap deteryore. Poutine ki ta sanble ap prepare sòti li an prive, prezante plizyè siy Parkinson nan dènye aparisyon piblik li. Yon evantyèl depa Poutine, selon kèk obsèvatè ki kapab materialize nan kòmansman ane prochènn nan.

Daprè “The Sun” ki apiye sou enfòmasyon medya rus yo ki ta fè eta suplikasyon konpay li Alina Kabaeva ki ta mande Poutine ki genyen 68 lane pou li retire l nan tèt pi ro nivo leta rus la, pandan ke yo deja detekte lakay li premye siy maladi Parkinson nan.

Antouka, se pral fen 20 lane yon dominasyon; yon depa pou anpil analis ki sanble ki iminan e ki lage Kremlin nan anpil panik.

Comments are closed.