UNICEF trouse manch chemiz li pou asiste fanm ak ti lèzanj viktim kolera yo

1,409

10-29-2022

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) UNICEF pou yon lòt fwa ankò trouse manch chemiz li e antre nan batay pou konbat nouvo vag kolera kap bwase bil peyi Dayiti (Ministè Lasante Piblik) ki, depi kèk jou plonje nan yon kriz plizyè tèt san kò. Daprè sa moun kapab li sou sit ofisyèl UNICEF, plizyè fanm ak tinosan arive jwen asistans pou konbat viris la.

Selon responsab yo nan enstitisyon UNICEF la, plizyè malad ki kontakte viris kolera a, benefisye medikaman, ekipman ou materyèl pou dlo, ijyèn ak pwòpte. Responsab UNICEF yo pat manke ankouraje malad konsène yo pou yo respekte konsin ou règ jwèt sanitè yo.

Paralèlman, USAID ale egalman nan menm sans lan tou; enstitisyon amerikèn nan ki pa sispan fè santi prezans li atravè tout peyi a, pote sekou bay viktim kolera yo. Konsa, li deja asiste anviwon 6 mil moun kap fè fas ak kriz sanitè, sekirite ak imanitè nan Site Solèy.

Selon MSPP, genyen 45 moun ki deja mouri anba maladi a; genyen 220 ka konfime, 2118 ka sispèk, ak 1529 moun ki sou kabann lopital. Nap raple, kas ble LONI yo se antite entènasyonal ki ofisyèlman responsab kalamite kolera a nan peyi Dayiti.

Comments are closed.