Program ekspòtasyon mango Fransik ayisyen nan peyi Etazini ap kanpe apati janvye 2023

1,528

10-25-2022

Mwa Janvye 2023, se pral fen program enpòtasyon mango peyi Dayiti yo nan peyi Etazini, selon yon lèt ministè agrikilti peyi Etazini adrese Asosyasyon Nasyonal Ekspòtasyon Mango yo (ANEM) atravè M. Ralph Perry.

Administrasyon Joe Biden nan pran yon parèy dispozitif, akoz sitiyasyon ensekirite ki anpetre travay enspektè APHIS ki pa arive jwen ase libète pou egzekite travay yo. Nòt minister agrikilti peyi Tonton Sam nan kontinye pou di ke se an fonksyon enfòmasyon ke li resevwa bò kote anbasad peyi Etazini nan Pòtoprens.

Nòt ministè agrikilti a, rapouswiv pou’l di “Nou plase ak bay konje manch long 10 enspektè APHIS nan peyi Dayiti, e yo resevwa peyman yo depi 10 oktòb 2022. Ekip nou ap genyen pou rete an konje jiskaske program nan kaba ofisyèlman. Nou detèmine pou travay sere kole avèk yo e òganizasyon nasyonal kap proteje vejetal ayisyen an ansanm ak ANEM pandan nap avanse nan prosesis la”.

Sepandan, nan fen lèt la, ministè agrikilti peyi Etazini konfime ke administrasyon Joe Biden lan pa ekate posiblite pou remanbre yon parèy program “enpòtasyon mango Fransik ayisyen” an, si tout fwa lapè ak trankilite refè sufas anndan peyi Dayiti. Yo apresye pandan peryòd tranzitwa sa, kolaborasyon konsène yo nan sans sa; yo swete yo konpran sekirite anplwaye yo se pi gro prewokipasyon.

Comments are closed.