Me ki sa TRiboLAND konnen osijè yon lòt atak ki fèt nan mwens 24èd sou kapital la

500

06/06/2021

(TRiboLAND) Me ki sa TRiboLAND konnen osijè yon lòt atak ki fèt nan mwens 24èd tan sou yon lòt enstitisyon etatik nan kapital la. Plizyè katye ap afwonte lòt, yon sitiyasyon ki ta sanble tèt koupe ak gè sivil!

  • Apwè atak sanginè gwoup gang ame efektye nan pòs polis Drouillard e sezi yon latriye materyèl lapolis; fwa sa yon lòt atak anrejistre; bandi sangwen ap miltipliye may yon fason pou okipe yon seri enstitisyon leta.
  • Apwè vizit “buzz” Pwemye minis a.i. Doktè Claude Joseph ansanm avèk Direktè jeneral a.i. PNH la nan Matisan pou kalme espwi; batay yo reprann pou pi rèd.
  • Gwo etensèl gè sivil ap siyone sou tèt pòtopwens nan moman ke nap redije yon parèy tèks ki ase tris pou nasyon ayisyèn nan jodi dimanch 6 jwen 2021 an.
  • Plizyè afwontman akonpanye ak gwo detonasyon ap dewoule nan diferan katye atravè kapital la.
  • Nèg ak zàm atake baz CIMO a ki nan dwàn Pòtopwens lan.
  • Moun Baz Delma ap kouri sove pou’l yo ak timoun piti e yo pran direksyon Kafou 18 anba anpil panik kout zam manman penba.
  • Lasalin : alòske gwo echanj kout zam ap marye ant lapolis ak anvayisè yo ki ta sanble menase pou kraze baz CIMO a.
  • Bèlè: yon gwoup nèg ame gentan okipe yon bon valè nan Delma 2. Yo ame jous nan dan ap kandale desann pou repouse gwoup gang Babekwu a ki ta sanble ap trese lèl.
  • Objektif gwoup ame Bèlè a se arive rive okipe Delma 6.
  • Kafou 3 deja okipe avèk nèg Bèlè!
  • Rafal kout zam kontinye ap chante nan Matisan ak Fontamara; anwo pa moute, anba pa desann!

Comments are closed.