PNH libere Doktè Jenny Édouard Pierre-lys ansanm avèk pitit gason li bandi sangwen te kidnape

421

05/04/2021

PNH libere Doktè Jenny Édouard Pierre-lys ansanm avèk pitit gason li bandi sangwen te kidnape

Kwa Dèboukè_____(TRiboLAND) Aprè anpil bwàs ak kritik, Police National d’Haiti (PNH) arive libere lendi apwèmidi 3 me 2021 an, Doktè Jenny Édouard Pierre-lys ansanm avèk pitit gason nan zòn Maren, komin Kwa Dèboukè.

Nan tweet ke minis Jistis la, Rockfeller Vincent te mete deyò, li bat gwo bwavo pou enstitisyon PNH la ki arive libere otaj sa yo atravè sa li rele yon gwo konken chenn operasyon ki te enplike Cellule Contre Enlèvement (CCE) DCPJ a avèk konplisite plizyè inite espesyalize nan enstitisyon.

“Bwavo PNH! Pwoteje ak sèvi sa se misyon an”, dapwè sa minis Vincent ekri. Osito libere, responsab yo te rekondwdi otaj yo nan Direksyon Santràl Polis Jidisyè a pou pwosedwi legal yo. Doktè Pierre-lys te kidnape ansanm avèk pitit li vandredi kit e 30 avwil 2021.

Nap raple, responsab yo pa fè eta bandi ki tonbe ni arete ak zàm sezi.

Comments are closed.