Petwotchalenjè yo ap itilize nouvo strateji pou bay seyans “mete anba akizasyon” pwezidan Jovenel Moise jarèt

0 298

Pòtopwens__(TRiboLAND) “Nou pap dòmi se non yon strikti ki soti anndan vant mouvman Petwotchalenjè yo ki deklenche yon nouvo fòm strateji sou rezo sosyal yo yon manyè pou ede popilasyon ayisyen an idantifye depite 50 èm lejislati yo ki ta nan woule-m de bò nan seyans mete pwezidan peyi anba akizasyon.

Antouka, “mete depite-w devan fèt akonpli” onbyen “AficheDepitew”, se sou tèm sa  mouvman “Nou Pap Dòmi” an rann piblik foto visaj chak depite peyi a, yon fason  pou pèp souvren kapab idantifye vizaj palmantè ki pa soti pou bay yon vòt defavoràb jodi 7 Dawou-a kont pwezidan Jovenel Moise ki lage peyi a nan yon sitiyasyon lanfè jeneralize.

Leave A Reply