Plis pase yon douzènn moun mouri nan yon dife nan Fèmat, kominn Kenskòf

0 462

Kenskòf/Pòtopwens___(TRiboLAND) Nan lanwit 13 pou rive 14 Fevwiye yon gwo dife eklate nan yon òfelina nan Fèmat, kominn Kenskòf. Dife sa ki te alimante alèd yon chadèl ke yo te kite ap lumen sou yon moso planch nan koridò òfelina a selon kèk temwen, koz pwemyèman 2 moun ki ta sanble andikape mouri kalsine sou plas e 13 lòt ki arive mouri nan lopital Fèmat la akoz severite bwile yo.

Konsa, apwè ke jij nan tribinal kominn Kenskòf la, Raymonde Antoine Jean te finn fè konsta legal dram sa, otorizasyon pou leve kò yo pat pran tan.

Yon lòt dram nasyonal ankò ki montre yon lòt fwa ankò vilnerabilite lavi sa yo ki san manman ak san papa anndan peyi a.

Dapwè Diretris Byenèt Sosyal la, Arielle J. Villedroin ki estomake pou dram sa, deklare sou plis pase 754 òfelina ki atravè tout peyi a, se sèlman 35 nan yo ki gen dwa pou fonksyone. Konsa, òfelina sa kip ran dife a pat gen dwa pou li fonksyone.

Leave A Reply