Fe Isaias desann men li gen pou gonfle fòs li ankò pandan lap vanse sou Florid

365

Florid___(TRiboLAND) Tanpèt Isaias kraze yon pakèt pye bwa ke li jwenn sou wout li; li arive pèdi fòs nan moman l’ap travèse Bahamas yon fason pou’l devni yon tanpèt tropikal alòske l’ap pwente tèt li an direksyon Florid.

Malerezman, Isaias ap pran direksyon yon tèritwa kote ke kowonaviris la deja an flèch e li pral lage plis tèt chaje sou yon seri sitwayen ki deja ap pran gwo frap anba tanpèt maladi.

Otorite Florid yo deja ap fè anpil bras. Yo fèmen plaj yo, pak rekreyasyon yo ansanm avèk tout sant depistaj kovid-19 yo. Sant Nasyonal Siklonik peyi Etazini deklare Isaias gen yon mache prese e li pwodwi yon rafal van ki estime a 70 mil a lè maksimòm nan fen jounen samdi 1 out la; yon bès parapò ak jan li t’ap bat kò’l avan. Sepandan, ekspè yo prevwa ke li pral retounen gonfle ponyèt kòm ouwagan pandan la’p ronfle e avanse sou Florid.

Comments are closed.