Gwoup gang sangwen “400 marozo” kidnape yon enjenyè italyen

679

06/05/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Giovani Cali, se non yon nouvo etranje ke gwoup ame sangwen “Lanmò 100 jou” kidnape madi 1e jwen 2021 an nan moman li te ansanm ak yon lòt teknisyen ayisyen; yo tap enspekte yon konstriksyon yon wout nan anviwonman kapital Pòtopwens la. Ravisè yo mande yon montan 500 000 dola vèt ameriken an echanj pou libète li.

Gwoup gang sangwen an, mande yon bon valè magogo pou teknisyen ayisyen an egalman.

Cali ki se yon enjenyè pwofesyonèl italyen ki soti nan pwovens Catania nan peyi Itali ki genyen 74 lane. Li tap travay kòm enspektè pou depoze asphalt sou wout pou konpayi Bonifica Spa e li enstale li nan peyi Dayiti depi 2017, dapwè plizyè medya italyen.

Comments are closed.