Vil Pòdpè bouke naje nan lanm inondasyon

Pòdpè__(TRiboLAND) Finalman, si non ”Pòdpè” ta dwe chanje, yo ta dwe rele-l “Inondasyon”. Sa fè yon lòt yèm fwa site Kapwa Lamò-a ap naje nan dlo. Lapli ki tap tonbe pou plis pase 3 èd tan yè apwè midi 25 Septanm 2019 la, te mete yon lòt fwa ankò vil Pòdpè nan ti soulye-l.
Nan mwens pase 2 mwa vil Site Kapwa Lamò-a inonde; li pa difisil pou yon moun konpwann ke fwekans ou patènn katastwòf natirèl sa yo inikman lye ak yon seri feblès rasi (move tretman basen vensan yo, kanalizasyon ou drenaj, debwazman ak rebwazman, tretman fatra, edikasyon anviwonmantal ak anpil lòt) kap ravaje depatman Nòdwès la san rete. Yon nich pwoblèm ki etale anba je eli Nòdwès yo kap naje nan kòripsyon ak opilans.
Lapli tonbe yè apwè midi sou tout vil Pòdpè pandan yon bon bout tan. Zònn ki pi afekte yo resevwa yon melanj fatra tout kalite ak labou ki anvayi tout katye nan ba zèsèl lavil la. Kominote tankou gran Savann, Site Maxo, Aveni Twa Rivyè, Ri Kapwa, Nahaman, sou Kannal, nan Demelis, nan Djerilon, nan Palan ak anpil lòt zònn defavorize resevwa yon lòt rakle ki pi rèd ke sa yo te pwan mwens pase 2 mwa. Selon temwen, tout yèswa vil la tap pwan lanm “dlo desann” nan fènwa total kapital. Rezidan yo tap fè bwas pandan tout nwit lan pou lite ak dlo ki andomaje divès bagay yo posede.
Kontrèman ak lòt kote yo ki toujou jwenn kouvèti ak entèvansyon, inondasyon nan nòdwès pou otorite federal yo se toujou “fè divè”. Konpòtman endiferans total, imilyan ak kwonik sa yo dwe yon lòt fwa ankò entèpele konsyans tou sitwayen Nodwès nan kad fè kolònn pou sove yon depatman ki nan wout pou disparèt.






