Bwezil: Kovid-19 lakoz 5 milyon elèv nan sitiyasyon dekoneksyon akademik

444

04/03/2021

Bwazilya_______(TRiboLAND) Peyi Bwezil fè pati peyi ki pi fwape anba kowonaviris la atravè lemon. Konsa, anpil jèn pèdi plis pase 20 semèn kou eskolè an mwayèn nan lemon, kont 30 semèn nan Amerik Latin nan; yon sitiyasyon ki bay gwo Unicef gwo tèt chaje.

Plizyè lekòl nan plizyè peyi nan Amerik Latin nan toujou kenbe pòt lekòl yo fèmen; e genyen lòt tou ki ouvè malman malgre ravaj kovid-19 la. Sepandan, genyen peyi tankou Bwezil, ki pa sispan pran lanm ou gagan anba kovid la ki enkontwolàb nan yon nivo ki gen gwo konsekans sou aktivite pwezansyèl yo.

Peyi foutbòl la, genyen anpil anpil timoun oubyen adolesan ki pa kapab genyen aksè ak edikasyon pwezansyèl alòske vag epidemi an ap layite zèl li pi rèd atravè tout rakwen peyi a. Konsa, Unicef mete 2 men nan tèt e li pè pou sa pa kreye yon seri gwo konsekans a lontèm. “Nou nan yon peyi ki genyen prèske 5 milyon timoun ki rete lakay yo e yo pa genyen aksè entènèt, e pafwa yo ka genyen yon pòtab sèlman pou yon sèl fanmiy, nan yon espas konplètman limite ki rann tout konsantrasyon difisil,” dapwè anpil kritik.

“Selon revelasyon done Unicef yo, 5 milyon timoun deja ap fè fas ak sitiyasyon dekoneksyon eskolè. Kidonk, yon parèy dezas kapab kreye yon rekil eskolè ou yon deriv aprantisaj ki estime apepwè 20 lane si tout timoun sa yo pa arive repran wout lekòl,” daprwè Florence Bauer ki tap depoze.

Peyi Bwezil ap pran gagan anba grif kriz sanitè a; genyen plis pase 328 206 moun ki mouri depi aparisyon pandemi kowonaviris la.

Comments are closed.