Kadav ansyen pwezidan defakto Jovenel Moise apènn leve nan Pèleren

475

07/07/2021

Petion-Ville________(TRiboLAND) Pwezidan defakto Jovenel Moise asasine lakay li nan lanwit madi 6 jwiyè pou rive mèkredi 7 jwiyè 2021 an nan Pèleren, Petion-ville. Sependan, otorite yo te pran pwèske depase 16 èd tan pou fè konsta e leve kadav pwezidan anndan lakay li.

Kadav Jovenel Moise leve finalman aprè midi a an prezans yon ekip jounalis tout kalite ki tap eseye fè foto kòtèj la ki te pran wout mòg Pax Villa avèk kadav la ki te abo yon veyikil Pax Villa.

Comments are closed.