Florid: 4 moun mouri nan yon pouswit machinn ki envòl tire apwè ke polis tap kouri dèyè eskanmòtè yon magazen bijou

390

Miramar/Florid___(TRiboLAND) Otorite ofisyèl yo konfime kat moun pami yo yon chofè UPS, mouri apwè polis tap pouswiv eskanmòtè ki te sezi machinn chofè-a. Konsa, pouswit la fini anba gwo kout zam nan yon entèseksyon nan yon blokis machinn nan vil Mirama nan Florid.

2 nan vòlè yo jwenn lanmò yo, e katriyèm viktim lan anrejistre lòske li te tou pwè yon machinn kote ke divès kout zam tap chante nan mitan entèseksyon an ki te chaje ak machinn nan Mirama, ki localize li nan Nò a 32 kilomèt kote ke ensidan an rive-a, dapwè deklarasyon yon otorite ki pwefere rete nan anonima.

Televizyon ou elikòptè medya yo pat sispann montre manèv sèvis ijans yo ki tap asiste yon moun ki te sot tonbe nan machinn UPS la kèk moman apwè divès kout zam tap chante e kit e mete fen nan pouswit la. Konsa, nan Coral Spring, yon lòt vil kote ke ensidan an te kòmanse, yon anplwayè magazen bijou a blese.

Tout deblosaj yo te kòmanse vè katrè nan apwè midi ki te 5 Desanm 2019 la, lòske polis nan vil Coral Spring te resevwa yon alèt silansye bò kote magazen Regent Jewellers ki plase li nan zònn Miracle Mile ki nan vil la. Sispèk yo te pete kouri nan machinn UPS la, pwan direksyon Sid Kontre Bwawòd yon fason pou chape poul yo. Televisyon lokal yo montre videyo divès ofisye tap fè tantativ pou abode machinn nan tanzantan.

Elikoptè medya yo tap kouvwi pouswit la minut an minut; alòske moun tap gade yon moun ki te sot tonbe deyò machinn nan apwè divès kout zam. “Se tout sa moun ki anjandre ka fè lè yo bezwen pwan lafwit,” dapwè yon ofisye polis ki rele Hudak.

Kèk tan apwè pouswit la te fini, mount e ka obsève pòt dèyè machinn sispèk yo ouvè nan mitan wout Mirama nan yon trafik demeplè pandan ke envèstigasyon polis yo deja kòmanse.

Comments are closed.