Popilasyon an nan Laboul 12, aplike pou 3 bandi ame nan kad pwogram “Bwa Kale” a.

3 gang sangwen apwouve nan kad program “Bwa Kale” a, nan Laboul 12 jodi mèkredi 21 jen 2023 a.
06-21-2023
Petyonvil, Ayiti_____(TRiboLAND) Mouvman “Bwa Kale” pèp ayisyen an, ta sanble ralanti, menm li pako kanpe. Popilasyon an ki deside pa bay vag ak pwogram sila, enskri 3 bandi ame nan kad program sila. Se te popilasyon an nan nan lokalite Laboul 12, ki te arive kalifye bandi atoufè yo ak flanm dife, jounen mèkredi 21 jen 2023 a.
Enfòmasyon ki rive jwenn nou ta fè kwè, 3 bandi ame sila yo, te apèn sot fè fas kare ak ajan PNH yo, nan lokalite Laboul 12, ki al pantan bab pou bab ak popilasyon an, ki pat pran tan pou te reyaji.
Rache ak kout koulin epi pase anba kawoutchou, nan moman nap pale la, 3 endividi sa yo, deja byen lwen lòt bò enfini.






