Zafè Me Danton Léger : opozisyon branch Nòdwès la deklare ke li p ap pran nan kraponnay

600

06/03/2021


Pòdpè____(TRiboLAND) Opozisyon an nan Nòdwès di l pap pran oserye manda konvokasyon chèf Pakè TiGwàv la lanse kont Me Danton Léger ki mande pou l prezante nan Pakè jou k ap vandredi 4 jwen 2021 an.

Pou Me Kerly Dubréus ansanm ak Joseph Kerby, ki yo menm se 2 pami pòtpawòl Opozisyon branch Nòdwès la, deklare e n ap site : “moun ki ta dwe gen manda dèyè l pou reponn ak zak k ap peze sou do l, se ta Jovenel Moïse” pou tout kalite vye zak li komèt sou tè Papa Desalin nan. Opozisyon nan Nòdwès di li p ap pran nan kraponnay paske se lòd Papa Nasyon an, Jean Jacques Dessalines te pase yo lè yo santi diktati vle pran jarèt anndan peyi Dayiti Toma.

Opozisyon an ki di l solidè ak Me Danton Léger, mande pou pèp la leve kanpe. Alaso! Alaso ! sa k tonbe n ap vanje yo, paske lè yon lyon pral mouri, raj lanmò konn fè l poze tout kalte vye zak, toujou daprè Me Kerly Dubréus ak Kerby Joseph kj t ap reyaji jounen jedi 3 jwen 2021 an atravè yon konferans pou laprès.

Opozisyon an nan Nòdwès fini pou mande pèp la kontinye limen flanbo mobilizasyon an byen wo. Konsa, y ap fini pa rive fè echèk ak plan referandòm tèt chat Jovenel Moïse la. Pòtpawòl yo kontinye pou yo di : li pa posib pou 5 grenn moun tèt cho sèlman kache anndan Palè Nasyonal pou y ap panse pou tout yon nasyon, lè yo konsidere Manman Lwa Peyi se Lavi tout yon Pèp.

Saint JEAN WISKIS

Comments are closed.