Eske depatman nòdwès fè pati 10 depatman Ayiti yo?

0 831

Depatman nòdwès se pami depatman ki pi meprize nan 10 depatman peyi dayiti, depatman sila ki gen anpil kapasite non selman entelektyel, materyèl ak ekonomik.

Plizye prezidan pase nan tèt peyi dayiti pami yo se sel 2 nan yo ou ta kab site sèlman ki kite non yo nan nòdwès. Se Dumarsais Estimé ak Jn Claude Duvalier 2 chèf Deta sa yo kite 2 gwo patrimwann si nap site “Mache an fè” potpe-a ak “Lycée Tertulien Guilbaud”. Ki donk, depi lè sa a se sèl travay kole pyese ak moun san vizyon ki toujou ap fèt nan depatman sila.

Sou gouvènman tou nèf sa a gen anpil pwomès ki fèt pou depatman sa; soti sou wout kafou jòf-ansafolè, ayeropò, elektrisite, baraj 3 rivyè elatriye anyen pa janm fèt sof similak ki tap fèt sou wout kafou jòf la kote gen mwens ke 5 kilomèt ki fèt men ki kanpe pou rezon pèsonn paka eksplike.


Pandan tout popilasyon an te kanpe pou te bay yon vòt pou Jovenel Moise te ka pran pouvwa-a yon fason pou depatman sa a te ka rale yon souf; se plenn selman moun ap plenn.


Apwè chèf lye depatman an fè 11 mwa san majistra ki limenm te nan kanpe lwen paske lajistis te mete manda kont li, majistra pwensipal vil la retounen; men pou majorité moun kap viv nan depatman an se yon desepsyon pou fason mesye Josue Alusma ap konpote-l nan vil la. Konsa, gen moun ki di retou premye sitwayen an se gwo kòb ki bay nan jistis la e se sak lakoz majorite moun ap di jistis potpe a si-w pa gen lajan pito tou ale mete jenou atè, al nan pye sen, al pote plent ou paske jistis potpe se yon desepsyon total kapital.

Se poutèt sa, gen gwo preparasyon kap fèt pou yon gwo levé kanpe fèt nan vil la pou mande gouvenman tou nèf ki pral moute a pou li vire zyel sou nòdwès, si non, yap rive tou dwat pou retiré nòdwès nan kat jerografik Dayiti-a yon fason pou li ka arive genyen pwòp otonomi li e bloke tout kòb ke nòdwès ap kontribye nan trezò piblik kap anrichi nèg ak gwo palto oubyen fè travay nan lòt vil pandan nòdwès ap viv nan fatra ak malsite.

Ferdieu Claude

Credit Photo: lexpress.fr

Leave A Reply