Tribinal Premyè Enstans Pòdpè a dekrete lapèmanans pou rive debleye Prizon Sivil Pòdpè a

504

06/03/2021


Pòdpè_______(TRiboLAND) ASIZ Kriminèl San Asistans Jiri yo demare anndan Palè Jistis Pòdpè a Soti Lendi 31 Me pou rive Vandredi 4 Jen 2021 k ap pwente la a.

Se yon Asiz san limit, savle di san pran souf kote Tribinal la gen pou l tande 10 ka toujou yon manmyè pou rive konbat Detansyon Prevantiv Pwolonje a daprè dwayen TPI Pòdpè a, Me Louis Marie Yves Périclés ki deklare yo oblije dekrete lapèmanans pou rive debleye Prezon Sivil Pòdpè a ki chaje kouleba ak detni. Pou Dwayen an estime se latriye kriz k ap frape peyi a ki okazyone Detansyon Prevantiv Pwolonje sa a anndan Prizon Sivil Pòdpè a. Me Periclès fè yon parèy deklarasyon nan moman li t ap depoze sou TRiboLAND jounen madi 1e me 2021.

Majorite moun Tribinal la gen pou tande yo, daprè Dwayen an, se sitou moun ki komèt agresyon sekswèl, vyòl, vòl ak asosiyasyon malfetè.

Fòk nou di gen yon dival moun, nan jiridiksyon Nòdwès la, sitou sila yo ki gen pwòch yo k ap kanni nan Prizon Sivil Pòdepè a inosàmman, san yo pa janm pwente tèt yo devan jij natirèl yo, yon jou. Moun sa yo bat bravo ak kontantman, paske selon yo menm, moun sa yo estime ke se pou bon plezi swa yon komisè ou yon jij te lage yon seri moun nan pwizon.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.