Komisè Gouvènman Pòdpè a denonse egzistans yon rezo mafya nan jiridiksyon lan

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Anplis Komisè Gouvènman Pòdpè a denonse egzistans yon rezo mafya nan jiridiksyon lan ki kontinye mete laperèz sou popilasyon an, Komisè Gouvènman Pakè Pòdpè a, Mèt Jeir Pierre, leve vwa li kont sa li rele yon rezo mafya byen òganize kap vòlè tè moun epi manipile sistèm jistis la nan depatman Nòdwès peyi a.
Nan yon deklarasyon li fè piblik, Komisè a revele ke rezo sa a genyen plizyè kategori moun ladan l: jistisyab, avoka, jij, notè, apantè, komisè, e latriye. Se yon rezo, daprè li, ki travèse tout nivo sistèm nan, e ki itilize enfliyans li pou vòlè sou tout fòm, group gang sa kap devlope a, prè pou fè magouy sou tout fòm pou fè dappiyanp sou tè moun.
Komisè Pierre fè konnen ke Minis Jistis la deja bay enstriksyon klè atravè yon sikilè, ki mande tout Komisè Gouvènman yo pou mete tout mwayen legal an aplikasyon pou bare devlopman rezo mafya sila.
Deklarasyon sa a vini nan yon kontèks kote popilasyon Pòdpè ap plenyen chak jou ki jou kont abi, eskwo, ak zak ki chita sou konfyolo tèt ansanm pou vòlè byen prive moun; sa mete plis foustrasyon sou do popilasyon an ki deja ap viv anba presyon ensekirite.






