IMED : referandòm Jovenel Moise la enkonstitisyonel, gagotè ak yon bagay ki pa soumoun

509

06/02/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Institut Modile d’Éducation Démocratique (IMED) se youn pami yon latriye òganizasyon ki pwewokipe ak detèminasyon pouvwa defakto a vle antere Konstitisyon 29 mas 1987 avèk yon ferandòm ke lalwa peyi pa rekonèt.

IMED ki pran elan sou atik 284-3, denonse pwojè enkonstitisyonèl la ki depaman ak manman Lwà peyi a ki entèdi “tout machandaj popilè ak “jwèt pike kole” ki ta menase pou ta modifye konstitisyon an atravè referandòm, sa totalman  entèdi.

Pwojè referandòm pèdi tan Jovenel Moise la koute plis pase karant milyon dola ameriken kap fini ak yon peyi kote ke plis pase 4.4 milyon moun ap pran gagann malnitrisyon ansanm ak kowonaviris la ki kontinye ap fè viktim, dapwè IMED ki tap kase mete nan men pouvwa PHTK kap voye jete lajan alòske travayè sante yo pa genyen materyèl pou yo travay.

Paralèlman, IMED mande popilasyon pou obsève yon jounen “Pòt Fèmen”, 27 jwen pwoche yon fason pou fasilite echèk referandòm Jovenel Moise la.

Comments are closed.