Aksidan sikilasyon sou wout Nasyonal nimewo 2 a, nan zòn avni La Liberté Tigwav.

143
0
Share:
TRiboLAND

09 – 20 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon Jeep RAV4, kat pòt koulè gri rantre sou yon chofè motosiklèt ki te genyen yon pasajè abò li, okazyone kliyan an mouri, aloske chofè a ki blese gravman grav oblije transpòte nan lopital Jeneral Ntredam Tigwav pou swen ke li nesesite.

Aksidan sila, arive fèt sou wout Nasyonal nimewo 2 a, nan zòn Kafou avni La Liberté nan komin Tigwav jodi dimanch 20 septanm 2026 lan, ozanviwon 11 zè konsa. Selon kèk rivyen ki temwen aksidan an, se ta yon Jeep RAV4 ki ta sanble pran nan yon gaz kole, chofè a oblije vin pèdi kontwòl machin nan epi li pase brote moun yo e lage yo nan yon gwo kanal ak tout moto a.

Nap fè remake, toujou dapwè temwen yo, veyikil la te genyen 4 moun abò, san konte chofè a. Nan mwens ke 2 minit aprè aksidan an, machin lan te kontinye ap mache, alòske chofè a ak tout lòt moun yo te kraze rak. Konsa, lapolis pat pran tan pou te rann li sou plas pou kontwole sitiyasyon a.

Share:

Leave a reply