Referandòm fantòm : Joseph Lambert menase pou montre Jovenel Moise sa l peze nan depatman Sidès la

656

05/26/2021

Jakmèl_____(TRiboLAND) “Mwen bay nenpòt ki moun ki vle reyalize referandòm nan depatman Sidès la 27 jwen kap vini la”, se deklarasyon Senatè Joseph Lambert, prezidan ti miyèt Sena sou radyo Zenith, madi 25 me 2021.

Lambert kalifye pwojè referandòm pwezidan defakto Jovenel Moise la, kòm yon pwojè fantòm; sa vle di ki deja mouri, e pa genyen oken biwo kap vin enstale nan depatman l lan.

Si pwesidan an genyen kran, l’ap moutre pwezidan an sa‘l peze nan jou sa referandòm fantòm lan”, dapwè Joe Lambert ki t’ap kase mete nan men Jovenel Moise li di ki genyen yon plan pou ta menm envite sitwayen yo vote sou telefòn yon fason pou KEP la kapab fè magouy pou chanje konstitisyon peyi a.

Prezidan ti miyèt Sena, menase pou mande popilasyon Sidès la leve kanpe kont yon parèy pwojè; e li men tou li pwèt pou kaze plat atè tout yon biwo vòt ki ta enstale nan depatman an.

Comments are closed.