Yon jounalis RCH 2000 teste pozitif pou kovid-19

465

06/03/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Selon yon sous jounalistik ke moun kapab fè konfyans, jounalis Remarais Jean Baptiste ki nan RCH 2000, enfekte ak kovid-19 e li trouve li nan yon sant prizanchaj atravè kapital la ap fè bwàs pou jwen swenyàj nesesè.

Ansyen jounalis Radio Télévision Caraibes la ospitalize akoz konplikasyon ki gen pou wè avèk konplikasyon kowonaviris; alòske Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) pa sispan alame ak miltiplikasyon ka kontaminasyon yo ki deja pote ale yon latriye sitwayen. Pou jounen 28 me 2021 an sèlman, enstitisyon an anrejistre 220 nouvo ka.

Comments are closed.